|
Touche Lajan San Taks antan yon Founisè
Swen Lakay ou pou Adult Family Care
Mèt kay k ap bay swen pou AFC yo se moun, koup ak fanmi ki gen yon chanm siplemantè, tan disponib epi ki gen anpil konpasyon. Mèt kay yo ofri yon chanm prive, manje epi selon bezwen patisipan an, swen pèsonèl limite, asistans pou transpò, epi li fè moun nan sonje lè pou li pran medikaman. Mèt kay yo sibi yon pwosesis evalyasyon apwofondi pou asire pi bon amoni posib avèk yon posib patisipan. Mèt kay yo ka gen jiska twa (3) patisipan lakay yo.
Peman Mèt kay yo
- Medicaid ap peye $19.00 pa jou nan revni SAN TAKS (apeprè $570 pa mwa)
- Patisipan an ap peye omwen $400 pa mwa pou Lojman ak Manje
Pwosesis aplikasyon Mèt kay
- Kontakte pwogram Adult Family Care nan nimewo 617-628-2601
- Nou fè yon vizit nan kay la pou konnen sa ou pi pito konsènan posib patisipan yo epi pou konfime kay la konfòm ak règleman yo.
- Nou jwenn rekòmandasyon ak yon tchèk istwa kriminèl.
- Depi ou jwenn apwobasyon, nou amonize ou avèk posib patisipan ki adapte ak preferans ou epi nou fasilite pwosesis "prezantasyon" nan twa (3) sesyon rankont ak akèy. Dènye sesyon an ap fèt pandan yon nwit.
Pèsonèl AFC
Pèsonèl AFC a gen ladan de (2) enfimyè diplome, de (2) travayè sosyal, ak yon direktè pwogram. Depi pwogram AFC a fè pati Somerville Cambridge Elder Services, nou genyen tou enfimyè ak travayè sosyal sipò ki disponib ak sèvis bipè 24 èdtan pa jou.
Pre-Amonizasyon
Yon pre-amonizasyon se yon sitiyasyon kote mèt kay la ak posib patisipan youn deja konn lòt. Sa ka gen ladan patnè k ap viv nan kay, zanmi, konesans ak manm fanmi k ap viv lwen. Yon sitiyasyon pre-amonizasyon ap diminye tan pou fè plasman an vin solid paske twa (3) sesyon "rankont ak akèy" la ka anile.
Pou plis enfòmasyon oswa pou fè yon rekòmandasyon, rele nan
617-628-2601, ekstansyon 3151
TDD: 617-628-1705 Fax: 617-628-1085 info@eldercare.org
61 Medford Street , Somerville , MA 02143 -3429
|