|
Opòtinite Peye pou Bay Swen
Pwogram Adult Family Care ap Chèche Moun Pou Bay Swen Lakay yo
Pwogram Adult Family Care ap chèche kounye a moun ki pou bay swen lakay yo toupatou nan Greater Boston . Moun k ap bay swen lakay yo se moun espesyal ki pataje kay yo avèk granmoun aje ak moun enfim ki bezwen kèk asistans avèk aktivite lavi toulejou.
Ki Wòl Moun k ap Bay Swen Lakay yo?
Moun k ap bay swen lakay yo ofri yon kay pwòp, ki gen sekirite ak sipò pou yon granmoun aje oswa pou yon moun ki gen enfimite. Yo ofri sipèvizyon ak asistans, jan sa nesesè, avèk transpò pou randevou medikal, kontwòl medikaman ak lòt bezwen nan lavi toulejou. Anplis yon chanm prive ak twa (3) manje nourisan pa jou, moun k ap pran swen lakay yo travay nan tèt ansanm avèk manm pèsonèl Adult Family Care pou asire kalite swen an.
Kimoun Moun k ap Bay Swen Lakay yo Ye?
Moun k ap swen lakay yo pou Adult Family Care se selibatè, zanmi pwòch, koup oswa fanmi ki gen yon chanm siplemantè lakay yo, tan disponib epi yo gen anpil konpasyon. Kandida yo ta dwe gen enterè ak ladrès tou pou yo travay avèk granmoun ki pa anmezi pou viv poukont yo, men ki vle rete nan kominote a.
Kisa Moun k ap bay Swen Lakay yo Resevwa pou Patisipasyon yo nan Pwogram nan?
Moun k ap bay swen lakay yo ap resevwa yon peman $970 pa mwa ki gen valè yon ranbousman $11,640 pa an. Peman sa a gen ladan tou yon vakans de (2) semenn ki peye pou tout moun k ap bay swen lakay yo.
Pou plis enfòmasyon oswa pou fè yon rekòmandasyon, rele nan
617-628-2601, ekstansyon 3151
TDD: 617-628-1705 Fax: 617-628-1085 info@eldercare.org
61 Medford Street , Somerville , MA 02143 -3429
|