|
Adult Family Care
Adult Family Care (AFC) se yon pwogram ki ofri yon anviwònman sipò fanmi pou moun ki bezwen asistans siplemantè pou viv avèk siksè nan kominote a. Ekip AFC a asosye moun ki ka vini patisipan avèk kay ki akeyi moun, epi li ofri sipò ak fòmasyon san rete pou patisipan ak moun ki bay akèy yo. Se Medicaid k ap peye mèt kay yo chak mwa. Answit, mèt kay yo ap resevwa ranbousman lajan pou lojman ak manje, alòske patisipan yo ap peye sèlman frè pou lojman ak manje. Selon nivo bezwen patisipan an, yon mèt kay kapab resevwa jiska $18,000 pou ofri swen pou evite oswa pou pa gen reta nan swen enstitisyonèl. Yon aspè inik pwogram nan sèke manm fanmi yo (san mari oswa madanm, paran, adilt responsab legal pa ladan) patisipan yo kapab resevwa peman pou sèvis yo bay kòm mèt kay. SCES ofri pwogram sa a nan anpil kominote nan zòn Boston Metwopoliten.
Patisipan
Patisipan AFC yo se moun k ap viv avèk divès kalite dyagnostik diferan, men yo tout bezwen èd pou aktivite lavi yo toulejou. Kèk patisipan se granmoun aje frajil k ap resevwa asistans manm fanmi, alòske kèk lòt se adilt ki pi jenn ki gen pou wè avèk Depatman Reta Mantal (DMR) oswa Depatman Sante Mantal (DHM). Kèk patisipan ap travay alòske kèk lòt ap patisipe nan pwogram Adult Day Health.
Elijibilite
- Laj: 16 tan oswa plis
- Dyagnostik medikal kwonik ki bezwen asistans avèk omwen yon aktivite lavi toulejou chak jou (pa egzanp, manje, benyen, abiye, deplasman)
- Moun k ap founi swen yo kapab nenpòt zanmi oswa manm fanmi ki pa mari oswa madanm, paran oswa responsab legal eli li dwe satisfè kritè kalifikasyon leta egzije.
Sèvis
- Yon anviwònman fanmi ki gen pwòp chanm li
- Manje ki pare pou patisipan an epi patisipan manje ansanm avèk fanmi ki loje li a
- Asistans pou fè sonje lè pou pran medikaman ak pou bezwen swen pèsonèl chak jou
- Asistans pou transpò pou al nan randevou medikal ak sosyal
- Triyaj posib fanmi pou bay lojman an avèk anpil prekosyon, epitou gen antrevi, evalyasyon kay la, twa rekòmandasyon ak yon tchèk istwa kriminèl
- Vizit RN chak 60 jou pou kontwole eta sante/tretman/siy vital
- Vizit travayè sosyal omwen chak 60 jou pou kontwole kalite plasman an, epi pou ofri sipò ak entèvansyon pou kriz jan sa nesesè
- sèvis bipè pou ijans 24 èdtan pa jou
- Kouwòdinasyon avèk lòt founisè sèvis pou patisipan (DMR, DMH, doktè)
- Patisipan Medicaid yo elijib pou de (5) jou Adult Day Health
- Lòt sèvis posib, selon bezwen patisipan an
Frè
- Patisipan an ap peye sèlman pou lojman ak manje (apeprè $400 pa mwa)
- Se Medicaid (ki rele Mass Health tou) k ap peye pou tout lòt sèvis yo
- Chwa peman prive disponib pou kliyan ki pa patisipan Medicaid
Touche Lajan San Taks antan yon Founisè Swen Lakay ou pou Adult Family Care
Pwogram Adult Family Care ap Chèche Moun Pou Bay Swen Lakay yo
Pou plis enfòmasyon oswa pou fè yon rekòmandasyon, rele nan
617-628-2601, ekstansyon 3151
TDD: 617-628-1705 Fax: 617-628-1085 info@eldercare.org
61 Medford Street , Somerville , MA 02143 -3429
|