Ctrl+Scroll Down to Enlarge Font
Home | Services | Employment | Volunteer
Somerville-Cambridge Elder Services Logo
 

Sant Enfòmasyon Lokal ou sou Vyeyisman

Ap Konekte ou avèk enfòmasyon, konsèy ak sèvis

Depi 1972, Somerville-Cambridge Elder Services (SCES) se espè enfòmasyon sou vyeyisman zòn nan. SCES ap ede granmoun aje yo rete sennesòf ak endepandan nan pwòp kay yo. Pou fè sa li ofri yo divès kalite sèvis sipò. Answit, SCES ofri enfòmasyon ak konsèy pou moun k ap bay swen yo, manm fanmi yo ak manm kominote a.

Sèvis SCES yo disponib pou rezidan aje Cambridge ak Somerville epi pou moun k ap bay swen yo tou. Gen kèk sèvis ki disponib pou jenn moun ki enfim ak moun k ap viv nan zòn Greater Boston.

Kòmansman

Pèsonèl Sant Enfòmasyon sou Vyeyisman ap ede nenpòt moun - jenn oswa granmoun aje - k ap chèche enfòmasyon, konsèy ak sèvis sou divès kalite vyeyisman, enfimite ak afè bay swen. Espè Enfòmasyon sou Vyeyisman nou yo ap gide moun ak fanmi yo nan konplikasyon ki bay konfizyon pafwa nan chwa sèvis yo. Biwo nou louvri ant Lendi ak Vandredi, 9 a.m. jouk 5. p.m. Ou ka kontakte nou depi w rele nan nimewo 617-628-2601, estansyon 3151. Sa a se yon sèvis ki gratis.

Konsèy

Elder Care Advice se yon sèvis gratis ki ofri enfòmasyon, konsèy ak edikasyon pou granmoun aje, fanmi ak moun k ap bay swen yo. Konseye Swen pou Granmoun Aje yo (Elder Care Advisors) ofri konsiltasyon nan kay, nan biwo oswa nan telefòn pou moun k ap viv nan Cambridge ak Somervile oswa pou moun k ap pran swen granmoun aje k ap viv nan youn nan de (2) kominote yo. Konseye Swen pou Granmoun Aje yo ka ede nan idantifye sèvis k ap ede fanmi yo vin pi endepandan ak viv pi byen.

Pwogram SHINE (Sèvis pou Bezwen Enfòmasyon Granmoun Aje) se yon rezo konseye avantaj medikal volontè ki resevwa fòmasyon epi ki sètifye pou ofri enfòmasyon gratis ak asistans konsènan asirans-maladi ak avantaj pou granmoun aje, moun enfim ki nan Medicare, epi pou fanmi, patnè ak moun k ap pran swen yo.

Sèvis

SCES ofri divès kalite chwa sèvis pou granmoun aje, moun k ap bay swen ak jenn moun ki enfim. Pèsonèl Sant Enfòmasyon sou Vyeyisman nou an ka ede idantifye ki sèvis ki pi adapte pou bezwen ou yo.

Casemanagement ofri evalyasyon gratis nan kay, planifikasyon swen, enfòmasyon sou resous, ak kontwòl sèvis yo san rete.

Pwogram Home Care ofri sèvis leta sibvansyone pou granmoun aje elijib k ap viv nan Cambridge ak Somerville ki bezwen asistans pou yo ka kontinye viv an sekirite laky yo.

Take Charge Program pèmèt kliyan yo kontwole konsepsyon ak fason yo bay sèvis swen pèsonèl yo.

Respite Services pou Moun k ap Bay Swen ofri moun k ap bay swen yo èd nan responsablite pran swen yo ak tan pou yo pran swen tèt yo.

Memory Disorder Service ofri konsiltasyon nan kay pou fanmi yo, moun k ap pran swen yo ak granmoun aje ki pa ka sipòte efè twoub memwa.

Pwogram Family Caregiver Support ofri enfòmasyon sou moun k ap bay swen konsènan sèvis yo. Li ofri tou pwogram edikasyon ak konsiltasyon akoutèm pou moun oswa pou fanmi.

Pwogram Personal Care Attendant pèmèt kliyan yo kontwole konsepsyon ak fason yo bay sèvis swen pèsonèl yo.

Pwogram Meals-on-Wheels distribiye manje nan kay patisipan granmoun aje yo.

Kafe Kominotè sèvi kolasyon cho nan sant granmoun aje yo ak bilding ki loje granmoun aje.

Brown Bag Program ofri yon sache mawon ki gen ladan 10-15 liv pwovizyon nourisan yon fwa pa mwa.

Protective Services mennen ankèt sou akizasyon abi, eksplwatasyon finansye, neglijans oswa oto-neglijans; li ofri asistans sosyal, epi li kouwòdone plan sèvis ki deziyen pou diminye risk/abi.

Money Management amonize volontè ki antrene ak asire avèk granmoun aje ki bezwen èd pou ekri chèk, balanse chekye yo, prepare bidjè revni chak mwa epi al fè komisyon labank pou yo.

Adult Family Care ofri yon anviwònman sipò fanmi pou moun enfim ki bezwen asistans siplemantè ak lojman.

Group Adult Foster Care ofri asistans swen pèsonèl nan kay chak jou pou granmoun aje ak moun enfim.

Long-Term Care Ombudsman ofri sipò pou moun k ap viv nan mezon retrèt ak mezon repo pou ka amelyore kalite lavi ak swen.


Voluntè

Avi Konsènan Pratik Medikal Prive

Sekirite Sosyal



SCES AP SELEBRE DIVÈSITE!

Pou plis enfòmasyon oswa pou fè yon rekòmandasyon, rele nan
617-628-2601, ekstansyon 3151

TDD: 617-628-1705 Fax: 617-628-1085 info@eldercare.org
61 Medford Street , Somerville , MA 02143 -3429

FYI
Blog
TV Show
Publications
Other Resources
Advocacy Alert
Features
Nutrition Services
Winter Survival Kit
Income Tax Assistance
Real Estate Tax Credit
Digital Television Transition
Scam Alerts
Financial Relief for Caregivers (pdf)
Volunteer Drivers Needed for Elderly
Know a Senior who Needs a Ride?
 
Home | Contact Us | Privacy Policy | Website Feedback