|
Pwogram Money Management
Pwogram Jesyon Lajan (Money Management) amonize volontè ki antrene ak asire avèk granmoun aje ki bezwen èd pou ekri chèk, balanse chekye yo, prepare bidjè revni chak mwa epi al fè komisyon labank pou yo.
Sèvis
Sèvis yo konfidansyèl okonplè epi yo deziyen pou ede
- moun ki enfim oswa ki gen twoub memwa
- granmoun aje ki pa wè byen
- granmoun aje ki bezwen èd pou òganize bòdwo yo epi pou peye yo alè
- granmoun aje ki izole lakay yo
- granmoun aje ki pa gen fanmi oswa zanmi ki ka ede yo nan zafè peye bòdwo
Gen de (2) nivo asistans
- Sèvis Peyè Bòdwo
Granmoun aje pran tout desizyon yo epi li konsève otorizasyon pou siyen chèk
- Sèvis Benefisyè Reprezantan
Somerville-Cambridge Elder Services gen otorizasyon legal pou ekri ak siyen chèk nan yon kont kouran espesyal
Elijibilite
- Laj 60 an oswa plis (kondisyon laj la anile si moun nan enfim)
- Revni anyèl moun nan mwens pase $23,475 oswa revni anyèl koup la mwens pase $33,217
- Gen yon limit $35,000 sou likidite
Frè
- Si possib kantite lajan nominal la depann de nivo asistans lan
Pou plis enfòmasyon oswa pou fè yon rekòmandasyon, rele nan
617-628-2601, ekstansyon 3151
TDD: 617-628-1705 Fax: 617-628-1085 info@eldercare.org
61 Medford Street , Somerville , MA 02143 -3429
|