Ctrl+Scroll Down to Enlarge Font
Home | Services | Employment | Volunteer
Somerville-Cambridge Elder Services Logo
 

Sèvis Nitrisyon

Manje byen se yon pati enpòtan pou moun k ap viv ansante ak endepandan. Lè li vin difisil pou prepare manje, granmoun aje yo vini nan Somerville Cambridge Elder Services (SCES) pou jwenn yon koutmen. SCES ofri divès kalite sèvis nitrisyon.

Meals-On-Wheels (Distribisyon Manje nan Machin)

Chofè nou yo distribiye manje cho ki nourisan nan mitan jounen nan ant lendi ak samdi, sache soupe frèt pou aswè ak manje konjle pou itilize nan wikenn. Moun ki gen bezwen dyetetik espesyal ka adapte yo avèk yon otorizasyon alekri doktè.

Elijibilite

Moun ki gen 60 tan oswa plis ak konjwen yo

Moun enfim ki poko gen 60 tan epi k ap viv nan bilding ki genyen sitou granmoun aje si yo

  • Gen andikap fizik, emosyonèl oswa mantal
  • Nan bilding ki gen kuizin ki pa apwopriye pou prepare manje ki nourisan ase
  • Pa anmezi pou ale nan Kafe Kominotè yo
  • Pa gen pèsòn pou ede yo prepare manje
  • Epitou, yo dwe lakay yo pou resevvwa manje a

Frè

Si moun nan elijib - Yo sijere* pou li peye yon frè $1.50 pou chak manje
Moun ki pa elijib yo ka peye an prive - $5.50 pou chak manje, $5.75 pou rejim alimantè* espesyal

Kafe Kominotè

Pifò Kafe Kominotè sèvi kolasyon ant lendi ak vandredi epi yo chita nan sant granmoun aje yo ak nan zòn kote granmoun aje/moun enfim yo ap viv nan Cambridge ak Somerville. Rezèvasyon yo dwe fèt omwen 24 èdtan davans depi w rele Kafe Kominotè a. Gen transpò ki disponib sou yon baz limite depi w rele SCES.

Elijibilite

Moun ki gen 60 tan oswa plis ak konjwen yo (kèlkeswa kote y ap viv)

Moun ki poko gen 60 tan k ap viv nan yon bilding ki gen granmoun aje/moun enfim epi ki pa lwen yon Kafe Kominotè.

Frè

Si moun nan elijib - Yo sijere* pou li peye yon frè $1.50 pou chak manje
Moun ki pa elijib yo ka peye an prive - $5.00 pou chak manje*

*Pou tout peman oswa donasyon yo, epitou pou kliyan ki peye an prive yo, kat EBT (kat koupon pou manje) ka itilize. Kliyan SCES yo ap resevwa yon bòdwo avèk manje yo epi yo ka ekri nimewo kat EBT yo sou bòdwo a pou peman.

Edikasyon ak Konsèy sou Nitrisyon

SCES ofri edikasyon sou nitrisyon. Se yon dyetetis diplome k ap fè sa nan sant granmoun aje yo oswa nan lòt kote nan kominote a. Answit, kliyan pwogram nitrisyon an ka resevwa sesyon konsèy sou nitrisyon apa nan pwòp kay yo.

Sipleman Nitrisyonèl

Pou moun ki pa ka jwenn tout kalori ki nesesè pou yo nan manje, SCES ofri bwason sipleman Boost yo. Moun yo ka al chèche bwason sipleman yo nan biwo a oswa kliyan SCES yo ka mande pou yo pote yo lakay yo. Peman yo ka fèt an kach, chèk oswa avèk kat EBT.


Pou plis enfòmasyon oswa pou fè yon rekòmandasyon, rele nan
617-628-2601, ekstansyon 3151

TDD: 617-628-1705 Fax: 617-628-1085 info@eldercare.org
61 Medford Street , Somerville , MA 02143 -3429

FYI
Blog
TV Show
Publications
Other Resources
Advocacy Alert
Features
Nutrition Services
ElderFair Health & Wellness Event
Farmers Market Coupons
Digital Television Transition
Scam Alerts
Financial Relief for Caregivers (pdf)
Volunteer Drivers Needed for Elderly
Know a Senior who Needs a Ride?
 
Home | Contact Us | Privacy Policy | Website Feedback