Somerville-Cambridge Elder Services Logo

Ctrl+Scroll Up to Enlarge Font

Site Search | Site Map

 
Home     News     Volunteer     Donate
Information | In-Home Services | Nutrition Services | Health & Wellness
 
HIGHLIGHTS
New Meal Site
Heat Stress
Farmer's Market (pdf)
Financial Relief for Caregivers (pdf)
Living with Mental Illness Presentation (pdf)
Long Term Living at Home Presentation (pdf)
Health & Wellness Fall Classes Luncheon (pdf)
Alzheimers Caregiver Event (pdf)
 
WAYS TO HELP
Support SeniorPet
Shop & Help SCES
Volunteer Drivers Needed for Elderly
Know a Senior who Needs a Ride?
 

Pwogram Personal Care Attendant

Pwogram Personal Care Attendant (Founisè Swen Medikal Apa pou Pasyan, PCA) pèmèt Konsomatè/Kliyan yo kontwole konsepsyon ak distribisyon pwòp sèvis swen medikal pèsonèl yo. Avèk èd anplwaye PCA, Konsomatè a oswa adilt ki deziyen dirèkteman yo anboche, antrene ak sipèvize Founisè Swen Medikal pou Pasyan Apa ki ofri divès kalite sèvis swen pèsonèl.

Kimoun ki kalifye pou vin yon Konsomatè/Kliyan?

Moun ki genyen laj 16 zan oswa plis ki bezwen èd fizik pou fè de (2) oswa plis "aktivite lavi toulejou" akòz yon enfimite kwonik oswa pèmanan Moun yo dwe ap resevwa MassHealth, CommonHealth, Mass Commission for the Blind, oswa Emergency Aid to the Elderly, Disabled and Children, epitou yo dwe kalifye pou yo.

Kimoun ki ka yon Founisè Swen Medikal pou Pasyan Apa?

Founisè Swen Pèsonèl pou Pasyan Apa kapab nenpòt moun tankou yon zanmi, yon paran timoun adilt, oswa manm fanmi (sof mari oswa madanm, reprezantan, oswa gadyen legal). Pa gen lisans oswa sètifika espesyal ki nesesè. Founisè Swen Pèsonèl pou Pasyan Apa dwe kalifye legalman pou travay nan Massachusetts.

Founisè Swen Pèsonèl pou Pasyan Apa yo touche $12.48 pa èdtan. Se Konsomatè/Kliyan pwogram lan ki anboche yo dirèkteman. Moun ki vle aplike kapab soumèt enfòmasyon yo nan Anyè Founisè Swen Pèsonèl pou Pasyan Apa Massachusetts nan sit wèb rewardingwork.org oswa yo kapab rele 1-866-211-9675 pou fè sa.

Anplwaye PCA

Yon Monitè Fòmasyon PCA ofri asistans teknik pou Konsomatè a devlope konpetans ki nesesè pou jere Pwogram PCA a poukont li. Antrenè a ap ofri sipò san rete tou.

Sèvis yo

Founisè Swen Pèsonèl pou Pasyan Apa ede Konsomatè a benyen, pran medikaman, manje, deplase, fè transfè, ale nan twalèt, fè egzèsis, epitou fè lòt travay ki nesesè sou plan medikal. Founisè Swen Pèsonèl pou Pasyan Apa kapab jwenn otorizasyon tou pou ede pasyan an avèk travay antretyen kay, lesiv, acha, ak preparasyon manje.


Pou plis enfòmasyon oswa pou fè yon rekòmandasyon, rele nan
617-628-2601, ekstansyon 3151

TDD: 617-628-1705 Fax: 617-628-1085 info@eldercare.org
61 Medford Street , Somerville , MA 02143 -3429