Ctrl+Scroll Down to Enlarge Font
Home | Services | Employment | Volunteer
Somerville-Cambridge Elder Services Logo
 

Avi Konsènan Pratik Medikal Prive

Avi sa a prezante fason yo kapab itilize epi divilge enfòmasyon medikal ou. Li montre tou fason yo kapab ale nan enfòmasyon yo.

Tanpri, revize li ak prekosyon.

Somerville Cambridge Elder Services ofri divès kalite sèvis pou pèmèt granmoun aje yo rete lakay yo nan kominote a. Poutèt n ap travay avèk divès kalite sous k ap ede nou avèk bourad lajan, tankou Medicaid, epi poutèt nou jwenn rekòmandasyon nan sant k ap ofri swen medikal yo, nou kapab konsève enfòmasyon medikal pèsonèl ou.

Enfòmasyon medikal pèsonèl sa yo gen ladan sèten dyagnostik medikal, kalite tretman oswa sèvis medikal ou konn resevwa yo, epi dat ou konn resevwa sèvis yo.

Daprè lalwa, SCES gen obligasyon pou l pwoteje entimite w nan enfòmasyon medikal ou yo. Men sa avi sa a vle di:

  • kilè SCES kapab itilize epi divilge enfòmasyon medikal ou; epi
  • ki dwa ou genyen anrapò ak enfòmasyon medikal ou.

Men kilè SCES kapab itilize epi divilge enfòmasyon medikal ou:

  • lè U.S. Department of Health and Human Services (Ministè Sante peyi Etazini) bezwen enfòmasyon yo pou l verifye yo pwoteje entimite w;
  • lè lawa egzije sa;
  • pou aktivite peman, tankou lè y ap verifye si w ranpli kondisyon pou w jwenn benefis medikal, epi si w peye pou sèvis ou resevwa yo;
  • pou fonksyònman pwogram nou yo, epitou pou evalye kalite sèvis ou resevwa yo;
  • pou fè preparasyon sèvis ou yo avèk pwofesyonèl medikal k ap ofri sèvis nou yo;
  • avèk biwo k ap okipe zafè neglijans medikal (tankou Massachusetts Division of Medical Assistance, oswa Sant federal pou Sèvis Medicare ak Medicaid) pou mennen pousuit kont neglijans medikal yo avèk otorizasyon lalwa, epitou pou fè ankèt sou fwod ak abi.
  • pou pwojè rechèch ki satisfè kondisyon entimite yo, epitou pou ede nou evalye pwogram Biwo yo oswa pou fè yo bay pi bon randman;
  • avèk biwo leta k ap ofri sèvis ak benefis yo;
  • pou detounen oswa trete yon grav maladi ki gen konsekans imedyat oswa pou yon ijans nan zafè sekirite; epi
  • pou fè w konnen benefis ak sèvis tounèf, oswa chwa swen medikal ou genyen yo.

Sof fason ki prezante anwo a, SCES pa kapab itilize oswa divilge enfòmasyon medikal ou bay nenpòt moun san pèmisyon w alekri. Ou kapab sispann pèmisyon ou nenpòt kilè, toupandan ou fè nou konn sa alekri. Tanpri Sonje: Nou pa kapab reprann okenn enfòmasyon medikal nou te itilize oswa divilge lè w te ban nou pèmisyon pou n fè sa.

Ou gen dwa pou:

  • wè epi jwenn kopi enfòmasyon medikal pèsonèl ou. Ou dwe mande sa alekri. SCES kapab mande w pou w peye sèten frè, tankou frè pou fè fotokopi ak tarif lapòs;
  • pou mande SCES chanje enfòmasyon medikal ou si w panse enfòmasyon yo pa kòrèk oswa yo manke. Ou dwe fè nou konnen alekri ki enfòmasyon medikal ou ta vle nou chanje a, epitou pou ki rezon;
  • mande SCES pou li diminye nan itilizasyon oswa nan divilgasyon enfòmasyon medikal ou. Ou dwe mande sa alekri. SCES gen dwa pa kapab akòde w demand sa a, men l ap toujou kontinye ofri w sèvis yo;
  • pou mande SCES pou li itilize kèk lòt fason pou l pran kontak avèk ou si lè nou kontakte w nan adrès oswa nimewo telefòn nou gen nan dosye w la, sa kapab mete lavi w andanje. Tanpri fè nou konn sa pa telefòn, epi konfime nou alekri ou vrèman andanje, epitou di nou kibò ak ki fason SCES ta dwe kontakte w;
  • pou jwenn yon lis ki montre kilè epi bay ki moun SCES te divilge enfòmasyon medikal ou, avèk kèk eksepsyon. Ou dwe mande sa alekri; epi
  • pou w jwenn yon kopi sou papye avi sa a nenpòt kilè.

Dapre lalwa, SCES dwe ba ou avi sa a ki fè w konnen nou dwe pwoteje enfòmasyon medikal ou, epitou nou dwe respekte kondisyon ki nan avi sa a.

SCES kapab chanje fason pou nou itlize epi divilge enfòmasyon medikal ou. Si nou ta fè chanjman ki enpòtan, n ap voye yon lòt avi ba ou. Lòt avi a ap annaplikasyon sou tout enfòmasyon medikal SCES genyen sou ou.

SCES konsidere entimite w seryezman. Si w ta renmen egzèse nenpòt nan dwa ki prezante nan avi sa a, oswa si w panse SCES vyole dwa entimite w, ou mèt kontakte SCES'Privacy Officer alekri nan adrès sa yo:

Somerville Cambridge Elder Services, Inc.
Privacy Officer
61 Medford Street
Somerville , MA 02143

Lè w pote plent oswa lè w egzèse dwa ou genyen, sa pap gen okenn konsekans sou sèvis w ap resevwa yo. Ou kapab pote plent tou nan U.S. Secretary of Health and Human Services.

Pou plis enfòmasyon, oswa si w ta bezwen èd pou w konprann avi sa a, rele nan 617-628-2601, sòti Lendi pou rive Vandredi, ant nevè dimaten (9 a.m.) ak senkè nan apremidi (5 p.m.).

FYI
Blog
TV Show
Publications
Other Resources
Advocacy Alert
Features
Nutrition Services
ElderFair Health & Wellness Event
Farmers Market Coupons
Digital Television Transition
Scam Alerts
Financial Relief for Caregivers (pdf)
Volunteer Drivers Needed for Elderly
Know a Senior who Needs a Ride?
 
Home | Contact Us | Privacy Policy | Website Feedback