Ctrl+Scroll Down to Enlarge Font
Home | Services | Employment | Volunteer
Somerville-Cambridge Elder Services Logo
 

Take Charge

Sèvis ki Adapte pou Kliyan

TAKE CHARGE baze sou filozofi ki endike granmoun aje yo ta dwe gen chwa sou fason y ap resevwa sèvis yo ak moun k ap bay yo sèvis yo. Avèk èd manm pèsonèl SCES l, granmoun aje yo ka anboche, antrene, pwograme ak sipèvize pwòp travayè k ap ede yo nan swen pèsonèl ak nan travay menaj nan kay. Granmoun aje yo ka chwazi travayè yo - yo ka patnè, zanmi, vwazen oswa nenpòt manm fanmi (sof yon konjwen)

Sèvis

  • Travayè yo ka ede nan travay swen pèsonèl - benyen, abiye, deplasman, fè twalèt, manje, pran medikaman oswa lòt travay ki sanblab.
  • Travayè yo ka ede nan travay menaj nan kay - preparasyon manje, travay nan kay, lesiv, acha pwovizyon, al fè komisyon, ak lòt travay sanblab.
  • SCES bay èd nan travay administratif anplwaye (pewòl, dediksyon ak rapòtaj taks) ak zafè chèk pewòl pou travayè yo onon granmoun aje yo.

Elijibilite

  • Patisipan yo dwe gen 60 tan oswa plis. Yo dwe ap viv nan Cambridge oswa Somerville , satisfè bezwen sèvis la, epi gen yon revni ki tonbe nan endikasyon finansye Pwogram State home Care.
  • Patisipan yo dwe anmezi epi gen volonte pou aji kòm "Employer of Record" pou yo anboche ak sipèvize travayè yo.
  • Patisipan yo ka idantifye yon Reprezantan pou aji kòm Empoyer of Record sou non yo, epi reprezantan an pa ka yon travayè.

Kimoun ki ka yon travayè TAKE CHARGE?

  • Travayè a dwe gen volonte epi anmezi pou bay asistans ki nesesè selon demann moun ki anboche l la. Pa gen lisans oswa fòmasyon espesyal ki nesesè.
  • Travayè a dwe elijib legalman pou travay nan Massachusetts.
  • Travayè a dwe gen yon CORI (tchèk istwa kriminèl).
  • Travayè a ka yon patnè, manm fanmi (sof yon konjwen), vwazen, zanmi oswa yon lòt moun granmoun aje a anboche.

Frè

  • SCES itilize lajan leta pou peye travayè yo dirèkteman.
  • Kopeman granmoun aje a pou sèvis yo prezante sou yon echèl kopeman ki varye selon revni moun nan.
  • Moun k ap resevwa avantaj MassHealth yo pa peye pou sèvis yo.

Pou plis enfòmasyon oswa pou fè yon rekòmandasyon, rele nan
617-628-2601, ekstansyon 3151

TDD: 617-628-1705 Fax: 617-628-1085 info@eldercare.org
61 Medford Street , Somerville , MA 02143 -3429

FYI
Blog
TV Show
Publications
Other Resources
Advocacy Alert
Features
Nutrition Services
ElderFair Health & Wellness Event
Farmers Market Coupons
Digital Television Transition
Scam Alerts
Financial Relief for Caregivers (pdf)
Volunteer Drivers Needed for Elderly
Know a Senior who Needs a Ride?
 
Home | Contact Us | Privacy Policy | Website Feedback